Haiti Music Lyrics
  • Home
  • Lyrics
  • New Lyrics
  • Most Popular
  • Music Videos
  • Add Lyrics
  • Members
  • Photos
  • About
  • Contact
     
Browse Lyrics By Artist: A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #

 

zin - Yon Boubout Lyrics

Here is the music lyrics for song Yon Boubout by zin album 3 let selman. Find all the Haiti music lyrics here

Artist: Zin
Album: 3 Let Selman
Song: Yon Boubout

 

LYRICS
Chak fwa m panse mwen jwenn lanmou
Mwen wè se pran mwen pran yon lòt kou
Genlè lanmou pa fèt pou mwen
Lanmou mwen pa gen demen

Poutan kè mwen chaje ak renmen
Yon renmen k ap koule san fen
Yon renmen chak jou k di “men mwen”
Pou yon moun pran n ak de men

M pa janm renmen san m pa damou damou
E lè m damou m vin dou tou dou tou dou
Tout moun te gen tan di se fou mwen fou
Paske yo konnen kanmenm mwen pral pran yon lòt kou

Chorus1
O o o Li lè pou m jwenn lanmou
Yon lanmou pou toujou
Mwen swete yon jou
M jwenn moun pou m damou

Li lè pou m jwenn lanmou
Yon lanmou pou toujou
Mwen swete yon jou
M jwenn moun pou m damou

Li lè pou m gen yon boubout
Ki chaje ak senserite
Chèche m ap chèche
Li lè pou m gen yon boubout
Chak jou k ap di m se mwen l vle
Chèche m ap chèche
Li lè pou m gen yon boubout
Ki pap voye mwen jete
Chèche m ap chèche
Li lè pou m gen yon boubout
Ki banm lanmou toutbon vre
Chèche m ap chèche

Chorus1
M bezwen yon boubout
Pou mwen ka damou
Ki pou damou mwen
Pou mwen ka renmen
Ki pou renmen mwen
Pou ban m lanmou
Pou m fè lanmou
Lanmou chak jou
Et pour toujours
Pou mwen karese
Ki pou karese m
Pou mwen dòlote
Pou ki dòlote m
Pou fè mwen dous
Ki pou fè m dous
Pou m byen mennen
Pou m mennen san fen

M bezwen yon boubout
Ki renmen m toutbon vre
Ki pap voye m jete
Ki damou m toutbon vre
K ap avè m pou l rete
Ki lè jou sa a ap rive
Pou priyè m ekzose
Ki kote pou m ale
Kote fanm sa a rete
Eske l New York City
M pral chèche l Ayiti
Eske li Miami
Petèt Filadèlfi
M pral chèche l Matinik
M pral chèche Lagwadloup
M pral chèche l Lagiyán
Chèche li toupatou

 

More: Lyrics from Zin album 3 Let Selman
ADD: Submit new music lyrics

 

These Yon Boubout lyrics are property of their owners. The Yon Boubout lyrics are used for educational purposes. For any questions in regard to Yon Boubout lyrics please use our contact form.

 

A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #

Haiti Network Map - Copyright © 2010 www.haitimusiclyrics.com